Aller au contenu

Leonardo da Vinci

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Leonardo da Vinci
Deskripsyon imaj Leonardo self.jpg.
Nesans
Vinci
Lanmò (ak 67 ane)
Amboise
Nasyonalite italyen
Peyi nesans Itali

Leonardo da Vinci (1452-1519) se yon enpòtan atis italyen ki te travay nan peryòd larenesans. Li te divèsman rele papa a palèontoloji, iknoloji, ak achitekti, e se lajman konsidere kòm youn nan pi gwo pentr yo nan tout tan. Pafwa kredite ak envansyon yo nan parachit la, elikoptè ak tank[1][2], li epitomize ideyal la Renesans imanitè.

Anpil istoryen ak savan konsiderasyon Leonardo kòm premye egzanp nan "Jeni Inivèsèl la" epi li se lajman konsidere kòm youn nan moun ki pi divèsifye talan janm viv. Dapre atis istoryen Helen Gardner, sijè ki abòde lan ak pwofondè nan enterè l 'yo te san yo pa presedan nan istwa anrejistre, ak "lespri li ak pèsonalite sanble nou superhuman, pandan y ap nonm sa a tèt li misterye ak aleka". Marco Rosci note ke pandan ke gen anpil espekilasyon konsènan lavi l 'ak pèsonalite, wè l' nan mond lan te lojik olye ke misterye, e ke metòd yo anpirik li te travay yo te ti kras Òtodòks pou tan li.

Leonardo te, e se, ki renome sitou kòm yon pent. Pami travay li yo, Mona Lisa a se pi popilè a ak Dènye Soupe a ki pi repwodwi penti relijye a tout tan tout tan. Desen Leonardo a nan Nomn de Vitruve Vitruvian la tou konsidere kòm yon icon kiltirèl, ke yo te repwodwi sou atik tankou varye kòm pyès monnen an euro ak liv.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Leonardo De Vinci te fet nan lannwit vandredi 14 avril 1492 ant nevè e dizè nan aswè .Tradition an di li fet nan kay yon kiltivatè nan ti vilaj Toskan D' Anchia yon ti bout vil nan Vinci ,men li ka te fèt nan vil Vinci an menm. Li se rezilta yon relasyon andeyò maryaj ant Messer Piero Fruosino di Antonio da Vinci yon notè ki te genyen 25 lane e ki te soti nan yon fanmi notè ak yon jèn fi ki te genyen 22 lane ki te rele Caterina di Meo Lippi.

Ser Piero da Vinci te soti nan yon fanmi notè depi pi piti kat jenerasyon , granpè li te menm vin chanselye vil Florence lan.Poutan Antonio, papa ser Piero ak granpapa Léonard, marye ak yon pitit fi notè e li prefere rale kò l nan vil Vinci a pou l mennen yon vi trankil tankou yon gentlòm nan kanpay la, pandan lap pwofite de revni mètay li yo li genyen nan ti vil la.[3]

Menmsi kèk dokiman rele l patikil Ser la, men ofisyèlman li pa gen dwa pou tit sa nan dokiman ofisyèl yo , tout bagay sanble pwouve li pa genyen ni diplòm , e li pat janm egzèse yon pwofesyon byen defini.[4]

Ser Piero ki se pitit Antonio e papa Leonard repran flanbo zansèt li yo e li jwenn siksè nan [5][6] pistoia epi nan Pise[7] avan li instale l nan vil Florence alantou 1451.Biwo l te nan Palè Podestat [8] ,batiment kote majistra yo t ye a anfas Palazzo Vecchio[9] ki se chèz gouvènman an , yo te rele Palazzo Della nan epòk la. Monastè , òd relijye ,kominote jwiv vil la e menm Fanmi Medisis te konn bezwen sèvis li.

Malgre daprè biograf Atonimo Gaddiano[10] ki ta kalifye kòm yon fi ki soti nan yon fanmi rich , manman Leonard yo rele Caterina , daprè tradisyon yo te pitit yon pòv peyizan, ki vle di li te lwen nivo mwayen Ser Piero.

depi 2017, anpil rechèch fèt nan dokiman kominal yo, parasyal yo ak rejis rejis fiskal yo pou yo rive idantifye Caterine Di Meo Lippi se pitit fi yon kiltivatè, li fèt nan lane 1436, li òfelin depi lè li gen 14 lane. Sepandan daprè plizyè konklizyon ki diskite nan yon etid daktilostopik[11] nan lane 2006 ta sanble li t yon esklave ki soti nan moyen-orient[12] . Daprè Alessandro Vezzosi, ki se direktè mize Leonardo De Vinci an ,yo di ke Pierro te mèt yon esklav na moyen-orient an yo te rele Caterina ,e ki fè yon ti gason ki te rele Leonardo.Tèz ki di manman Leonard te yon esklav ki soti nan mwayen oryan baze sou rekonstriksyon anpwent dwèt gòch Leonard,ki fèt ak anviwon 200 anpwent , pifò ladan yo pa konplè , soti nan 52 fich nan nòt Leonard yo.

Zèv li yo

[modifye | modifye kòd]
  • Sa li fè

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. Modèl:Harnvb
  2. Rumerman, Judy. "Early Helicopter Technology." Centennial of Flight Commission, 2003. Retrieved 12 desanm 2010.
  3. « Vinci (Toscane) » (in français). 2025-04-25.
  4. « Léonard de Vinci » (in français). 2025-10-28.
  5. « Pistoie » (in français). 2025-02-07.
  6. « Pistoie » (in français). 2025-02-07.
  7. « Pise » (in français). 2025-10-11.
  8. « Palais du Bargello » (in français). 2025-10-28.
  9. « Palazzo Vecchio » (in français). 2025-10-27.
  10. « Anonimo Gaddiano » (in français). 2024-10-22.
  11. « Empreinte digitale » (in français). 2025-06-11.
  12. « Moyen-Orient » (in français). 2025-11-27.

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]
Wikimedia Commons genyen dokiman medya, imaj, video sou :